TSK

TSK · Ezekiel 45:4

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Nonm lan di m' konsa: -Ti chanm ki gen pòt li louvri sou sid la, se pou prèt k'ap sèvi nan tanp lan.

Yo pa gen dwa pwoche kote m' pou sèvi m' prèt ankò, ni yo pa gen dwa pwoche bò nenpòt bagay yo mete apa pou mwen, ni antre nan kote yo mete apa nèt pou mwen an. Men pinisyon m'ap ba yo pou tout vye bagay derespektan yo te fè a.

¶ Lè n'a separe peyi a pou nou bay chak branch fanmi pa yo, se pou nou kite yon pòsyon n'a mete apa nèt pou Seyè a. Pòsyon tè sa a va gen douz kilomèt edmi longè sou dis kilomèt lajè. Tout zòn lan va rete apa nèt pou Seyè a.