TSK

TSK · Ezekiel 45:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Aprè moun pèp Izrayèl yo te fin separe rès peyi a bay chak branch fanmi pòsyon pa yo, yo bay Jozye, pitit gason Noun lan, yon pòsyon nan tè a ki pou rele l' pa l'.

Tout soulye sòlda ki t'ap plede fè bri yo, tout rad sòlda ki te plen san yo, yo pral boule sa nan dife.

Yon wa, tankou David, sèvitè m' lan, va chèf yo. Yo tout pral fè yonn anba yon sèl gadò. Y'a mache dapre lòd mwen ba yo, y'a fè tou sa mwen mande yo fè, y'a kenbe prensip mwen yo.

Sou bò solèy leve ak sou bò solèy kouche pòsyon mitan sa a, kote nou jwenn anplasman Tanp lan, moso tè pou prèt yo ak moun Levi yo ansanm ak anplasman lavil la, va rete de gwo pòsyon ki va pou wa a. Konsa, pòsyon wa a va menm valè ak pòsyon yo bay chak branch fanmi. Tansèlman, l'ap gen pòsyon tè pou Seyè a nan mitan l'.