Genesis 30:22
TSK
Lè sa a, Bondye vin chonje Rachèl, li reponn lapriyè li, li fè l' ka fè pitit.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Lè sa a, Bondye vin chonje Rachèl, li reponn lapriyè li, li fè l' ka fè pitit.
Bon. De pitit gason ou te fè nan peyi Lejip anvan m' te vin jwenn ou isit la a, se pitit mwen yo pral ye. Wi, Efrayim ak Manase ap pou mwen tankou Woubenn ak Simeyon.
Moyiz te separe tè ki pou mwatye nan branch fanmi Manase a, li bay chak fanmi pòsyon pa yo.
¶ Manase te premye pitit gason Jozèf. Se konsa yon pòsyon nan tè a vin pou moun fanmi Manase yo. Maki, papa Galarad, te premye pitit gason Manase. Se te yon vanyan sòlda. Se konsa yo te ba li peyi Galarad ak peyi Bazan.
paske pitit fi Manase yo te resevwa yon pòsyon apa pou yo tankou pitit gason l' yo. Men, yo te bay peyi Galarad la pou lòt pitit Manase yo.