TSK

TSK · Ezra 1:8

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage
Ezra 1:11 TSK

Antou, sa te fè senkmilkatsan divès kalite bagay an lò ak an ajan. Se tout bagay sa yo Chechbaza te pran ak li lè li t'ap kite lavil Babilòn ansanm ak lòt moun yo te depòte yo, pou tounen lavil Jerizalèm.

Ezra 5:2 TSK

Lè Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, ak Jozye, pitit gason Jeozadak la, tande mesaj yo, lamenm yo konmanse rebati tanp Bondye a lavil Jerizalèm. De pwofèt yo menm te kanpe la avèk moun yo, ap ankouraje yo.

Ezra 5:16 TSK

Se konsa, Chechbaza sa a vini, li moute fondasyon tanp Bondye a lavil Jerizalèm. Depi lè sa a, travay la ap mache, men yo poko fini.

Seyè a mete nan tèt tout moun lanvi pou yo travay nan tanp Bondye yo a, depi Zowobabèl, pitit gason Chealtyèl la, gouvènè peyi Jida a, Jozye, granprèt la, pitit gason Jozadak la, jouk dènye moun ki te tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo a. Yo konmanse travay nan tanp Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye yo a,

Lè sa a, zanj ki t'ap pale avè m' lan reponn mwen, li di m': -Men mesaj Seyè a voye pou Zowobabèl: Se pa avèk vanyan sòlda ou yo, ni avèk pwòp kouraj ou ou pral rive nan sa ou gen pou fè a. Men se va avèk pouvwa lespri pa m' m'ap ba ou a. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.