W'a mete yo sou kont Arawon ak pitit gason l' yo. Wi, nan tout moun pèp Izrayèl yo, w'a pran moun fanmi Levi yo, w'a mete yo sou kont prèt yo pou toutan.
TSK
TSK · Ezra 2:43
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Konsa, men kantite moun ki soti nan fanmi travayè tanp lan ak domestik Salomon yo: antou sa te fè twasankatrevendouz.
Mwen voye yo bò kote Ido, chèf kominote Kasifya a. Mwen esplike yo tou sa pou yo di Ido ak kòlèg li yo ki konn tout travay pou fèt nan tanp lan, epi ki t'ap viv ansanm nan kominote Kasifya a, pou yo ka fè nou jwenn kèk gason pou travay nan tanp Bondye nou an.
moute sou bò solèy leve, rive anfas Pòtay Dlo yo, bò fò ki pwoteje Tanp lan. (Tout moun k'ap travay nan tanp lan te rete nan zòn Ofèl la.)
Nou menm, moun pèp Izrayèl la, prèt yo, ak moun Levi yo, gad pòtay tanp yo, mizisyen tanp yo, travayè tanp yo, ak tout lòt moun yo ki te wete kò yo nan mitan moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a pou nou ka fè sa lalwa Bondye a mande nou an, ansanm ak madanm nou yo, pitit gason ak pitit fi nou yo ki gen laj konprann,