TSK

TSK · Ezra 4:3

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Lè sa a, wa Siris pa t' ankò gen ennan depi li t'ap gouvènen peyi Pès la, lè Seyè a mete lide nan tèt wa a pou li bay yon lòd, fè kouche l' sou papye, voye l' toupatou nan peyi a pou yo te ka li l' pou tout moun tande. Sa te pase konsa pou pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an te ka rive vre. Men lòd la:

Ezra 1:3 TSK

Nou mande pou Bondye pèp Izrayèl la beni tout moun ki fè pati pèp sa a pou yo moute lavil Jerizalèm, nan peyi Jida, pou yo rebati Tanp Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, Bondye yo adore lavil Jerizalèm lan.

Mwen reponn, mwen di yo: -Se Bondye nan syèl la k'ap fè nou reyisi nan sa nou vle fè a. Nou menm ki sèvitè Bondye, nou pral konmanse rebati l'. Men nou menm, moun lòt nasyon, nou pa gen ankenn dwa sou lavil Jerizalèm. Nou pa gen anyen pou nou wè nan sa. Pesonn pa janm nonmen non nou nan koze lavil Jerizalèm.

Mwen te rele ou pou ou te ka delivre fanmi Jakòb yo, sèvitè m' yo, moun pèp Izrayèl mwen te chwazi a. Mwen ba ou grad atout ou pa t' konnen m' lan.

John 4:22 TSK

Nou menm, moun Samari, nou pa konnen sa n'ap sèvi a. Nou menm jwif, nou konnen sa n'ap sèvi a, paske moun k'ap vin pou sove a, se nan mitan jwif yo l'ap soti.

Yo se pitit pitit Izrayèl; Bondye te chwazi yo pou pwòp pitit li. Se nan mitan yo Bondye te fè tout bèl mèvèy li yo. Se ak yo li te pase kontra li yo. Li te ba yo lalwa. Li te moutre yo jan pou yo sèvi l'; se yo ki te resevwa pwomès li yo.