TSK

TSK · Ezra 6:20

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Moyiz rele tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, li di yo: -Se pou chak moun al chache yon ti mouton osinon yon ti kabrit pou yo touye pou fèt delivrans lan pou fanmi nou.

Nan katòzyèm jou dezyèm mwa a, yo touye ti mouton Delivrans yo. Prèt yo ak moun Levi ki pa t' nan kondisyon pou fè sèvis pou Seyè a vin wont tèt yo, yo fè sa pou yo fè pou yo ka nan kondisyon pou sèvis Seyè a, lèfini yo antre nan Tanp lan al boule bèt yo ofri nèt pou Seyè a.

Lè yo fin fè sa, moun Levi yo pare sa ki rete pou yo menm ansanm ak prèt yo, paske prèt yo, moun fanmi Arawon yo, te rete byen ta jouk aswè ap boule bèt moun yo te ofri nèt pou Seyè a ansanm ak grès lòt bèt yo. Se poutèt sa, se moun Levi yo ki te pare vyann ni pou tèt yo ni pou prèt yo, moun fanmi Arawon yo.

Li pa tankou lòt granprèt yo. Li pa bezwen ap ofri chak jou yon bann bèt pou yo touye pou peche pa l' yo anvan, epi pou peche pèp la apre sa. Li pa nan sa li menm. Li fè yon sèl ofrann fini ak sa lè li te ofri tèt li a.