¶ Se pa ti kontan kè m' kontan pou sa Seyè a fè. M'ap fè fèt pou Bondye mwen an. Paske mwen tankou yon nèg k'ap marye ki fin abiye pou nòs la, tankou yon lamarye k'ap ranje bijou l' yo sou li. Li kouvri m' ak pouvwa li pou l' sove m'. Li vlope m' nan bra li pou l' delivre m'.
TSK
TSK · Galatians 3:27
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Epi li di yo: -Ale toupatou sou latè, anonse Bon Nouvèl la bay tout moun.
Pyè reponn yo: Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a.
Antan yo prale konsa, yo rive yon kote ki te gen dlo. Lè sa a, nonm peyi Letiopi a di li: Bon, men dlo. Kisa ki pou anpeche m' resevwa batèm?
Li resevwa batèm, li menm ansanm ak tout fanmi li. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: Se pou n' vini, se pou n' fè ladesant lakay mwen, si nou kwè mwen mete konfyans mwen tout bon nan Seyè a. Se konsa li fòse nou rete lakay li.
Se lè moun mete konfyans yo nan Jezikri Bondye fè yo gras. Li fè l' pou tout moun ki kwè nan Kris la, paske yo tout se menm.
Se pou nou pran Jezikri Seyè a tankou yon zam mete sou nou. Pa kite ekzijans kò a pran pye sou nou pou fè nou fè tou sa li anvi fè.
Se sak fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n' te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a.
Nou menm tou, Bondye la nan tout lavi nou, paske n'ap viv nan Kris la ki chèf tout lespri ki gen otorite ak pouvwa.
¶ Pou nou menm, dlo sa a kanpe pou dlo batèm lan k'ap delivre nou koulye a. Batèm lan, se pa yon bagay k'ap wete kras sou kò nou. Men, se yon angajman nou pran devan Bondye ak yon konsyans san repwòch. Bondye sove nou gremesi Jezikri ki te leve soti vivan nan lanmò,