TSK

TSK · Galatians 3:28

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Epi, pa sèlman pou jwif yo, men tou pou l' te sanble tout pitit Bondye ki gaye yo nan yon sèl kò.)

¶ Se pa pou yo sèlman m'ap lapriyè, men pou tout moun ki va mete konfyans yo nan mwen lè y'a tande mesaj la.

Anpil soufrans ak anpil lapenn pou tout moun ki lage kò yo nan fè sa ki mal, pou jwif yo an premye, apre yo pou moun lòt nasyon yo.

Se lontan apre sa Abraram te resevwa sikonsizyon an tankou yon letanp. Se te mak ki te pou moutre Bondye te fè l' gras, paske li te kwè anvan menm li te sikonsi. Se poutèt sa Abraram se papa tout moun ki mete konfyans yo nan Bondye, menm si yo pa sikonsi. Moun sa yo, Bondye ap fè yo gras.

¶ Konsa, nanpwen diferans ant moun ki jwif ak moun ki pa jwif: yo tout gen yon sèl Mèt ki bay tout moun ki rele l' favè l' an kantite.

Kit ou sikonsi, kit ou pa sikonsi, sa pa konsekan ankò. Sa ki konsekan an se obeyi pou nou obeyi kòmandman Bondye yo.

Paske, lè n'ap viv ansanm ak Kris la, kit nou sikonsi, kit nou pa sikonsi, sa pa fè anyen. Sa ki konsekan an se pou nou gen konfyans nan Bondye, yon konfyans k'ap fè nou viv ak renmen nan kè nou.

Nan tan lontan Bondye pa t' devwale plan travay sa a bay ankenn moun sou latè, men koulye a, ak pouvwa Sentespri a, li devwale l' bay moun li mete apa pou sèvi l' apòt ak pwofèt.

Okontrè, ann pale verite a avèk renmen nan kè nou, konsa n'a ka grandi nan tout sans nan Kris la ki chèf kò a.