¶ Poukisa se pa t' frè m' ou te ye, frè ki tete menm manman avè m'? Lè m' ta kontre avè ou nan lari, m' ta gen dwa bo ou, pesonn pa ta wè mal nan sa.
TSK
TSK · Galatians 4:26
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Men sa Seyè a di ankò: -Si m' te voye manman nou tounen lakay li, kote papye divòs mwen te ba li? Ki moun mwen te dwe lajan pou m' ta vann nou ba li tankou esklav? Se poutèt mechanste nou yo mwen te vann nou. Se poutèt peche nou yo mwen te voye manman nou tounen lakay li.
¶ Jan m' renmen mòn Siyon sa a! Se pou m' pale. Jan m' renmen lavil Jerizalèm sa a, mwen p'ap pran kanpo, jouk delivrans li va parèt tankou limyè solèy k'ap leve, tankou flanbo k'ap klere nan fènwa.
Fè kè nou kontan ansanm ak lavil Jerizalèm. Fè fèt pou li, nou tout ki renmen l'! Se pou nou kontan ansanm avè l' koulye a, nou menm ki te nan lapenn pou li!
Manman yo lage kò l' nan fè jennès. Wi, li menm ki te pote yo nan vant li, li avili tèt li, paske l'ap di: mwen pral jwenn nonm mwen yo. Yo ban m' tou sa m' bezwen. Yo ban m' manje, yo ban m' bwè. Yo ban m' twal lenn ak twal fen. Yo ban m' lwil oliv, yo ban m' diven pou m' bwè.
Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Mwen rete sou mòn Siyon, mòn yo mete apa pou mwen an. Jerizalèm va yon lavil apa pou Bondye. Moun lòt nasyon yo p'ap ka pran l' pou yo ankò.
Si Pitit Bondye a ban nou libète, n'a lib tout bon.
Nou delivre anba peche. Koulye a se esklav sa ki byen nou ye.
¶ Se pou n' te ka lib tout bon kifè Kris la te delivre nou. Se poutèt sa, ann rete fèm nan libète sa a. Veye kò nou pou n' pa tounen esklav ankò.
Okontrè, nou pwoche bò kot Mòn Siyon an, bò kot lavil Bondye vivan an, ki vle di: Jerizalèm ki nan syèl la ansanm ak tout kantite zanj li yo.
Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap fè yo tounen yon gwo poto nan kay Bondye a. Apre sa, yo p'ap janm soti. M'a make non Bondye ansanm ak non lavil Bondye a, lòt Jerizalèm k'ap desann sot nan sièl la, sou yo. M'ap make lòt non mwen an sou yo tou.
Apre sa, mwen wè lavil Bondye a, lòt Jerizalèm nèf lan, ki t'ap desann soti bò kot Bondye ye nan sièl la. Li te byen abiye, li te pare tankou yon lamarye ki pral kontre fiyanse li.