TSK

TSK · Galatians 5:18

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Seyè, fè m' konnen jan ou vle m' viv la! Moutre m' nan ki chemen ou vle pou m' mache a!

Mwen mete konfyans mwen nan ou. Depi granmaten, fè m' chonje jan ou renmen m' anpil. Se ou menm m'ap lapriyè. Moutre m' chemen pou m' pran an.

¶ Pwoche kote m' non, koute sa m'ap di: Depi nan konmansman mwen pa kache nou anyen. Depi lè bagay la t'ap rive, mwen te la. Koulye a, Seyè a ban mwen lespri l', li voye m'!

Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive.

Se menm jan an tou pou nou menm, frè m' yo. Nou mouri ansanm ak kò Kris la annegad lalwa. Konsa, nou lib pase nan men yon lòt mèt. Koulye a, se nan men moun ki te leve soti vivan nan lanmò a nou ye pou nou ka viv yon jan ki itil pou Bondye.

Paske, tout moun Lespri Bondye a ap dirije, se pitit Bondye yo ye.

Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou. Pa obeyi egzijans kò a.

Se pou nou chonje tou yo pa mete lalwa pou moun k'ap aji byen. Lalwa a se pou malveyan yo, pou moun k'ap fè rebèl, pou mechan yo, pou moun k'ap fè peche, pou moun ki pa gen respè ni pou Bondye ni pou larelijyon, pou moun k'ap touye manman yo ak papa yo, pou ansasen,

¶ Pou nou menm, nou te resevwa Sentespri Kris la te voye sou nou an, konsa nou tout nou konn verite a.