TSK

TSK · Galatians 5:20

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Piga pesonn nan nou pran pitit gason osinon pitit fi li pou li boule nan dife pou zidòl. Piga gen pesonn nan mitan nou k'ap fè divinò, k'ap etidye zetwal nan syèl la pou konnen sa ki gen pou rive, k'ap pran pwen, k'ap fè maji.

Se konsa Sayil mouri paske li pa t' kenbe pawòl li ak Seyè a. Li pa t' obeyi lòd Seyè a te ba li. Li te pito fè yo rele nanm moun mouri pou l' te konnen sa ki tapral rive l',

-Nonm o! Pou mwen moun pèp Izrayèl yo pa vo anyen. Yo tankou kras ki rete nan fon chodyè lè y'ap fonn ajan, kwiv, asye, fè ak plon. Yo tankou kras nan fon chodyè, yo pa vo anyen.

¶ Yon jou nou tapral kote yo konn lapriyè a, nou kontre ak yon tifi. Se te yon sèvant, li te gen yon move lespri sou li ki te fè l' konn pase kat pou moun. Lè konsa tifi a te fè mèt li yo fè anpil lajan.

¶ Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk direktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula.