¶ Bondye di ankò. Se pou dlo yo kale anpil anpil bèt vivan. Se pou zwazo vole nan syèl la anwo tè a. Se konsa sa te pase.
TSK
TSK · Genesis 1:6
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Se li menm ki louvri syèl ki sou bò nò a anlè, san anyen pou soutni l'. Li pandye tè a ankò san anyen pou kenbe l'.
Avèk souf li, li fè syèl la vin klè. Avèk men li, li touye gwo koulèv ki t'ap kouri chape a.
Eske ou ka ede Bondye louvri nwaj yo nan syèl la, pou fè yo di tankou bout fè?
¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Syèl la fè parèt aklè pouvwa Bondye a. Li fè wè tou sa Bondye te fè ak men l'.
Seyè a pale, epi syèl la fèt. Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt.
Ou vlope kò ou nan yon gwo limyè. Ou louvri syèl la tankou yon tant pou ou rete.
Se pou yo fè lwanj li anwo nèt nan syèl la. Se pou tout dlo ki pi wo pase syèl la fè lwanj li.
Depi nwaj yo plen dlo, se pou lapli tonbe sou latè. Lè yon pyebwa tonbe, kit li tonbe sou bò nò, kit li tonbe sou bò sid, kote l' tonbe a, se la pou li rete.
Seyè a te fè latè ak fòs pouvwa li. Li kreye dènye bagay ak bon konprann li. Avèk entèlijans li, li louvri syèl la anwo latè.
¶ Men mesaj Seyè a bay pou fè konnen volonte l' sou moun pèp Izrayèl yo. Men desizyon li pran, li menm Seyè a, ki louvri syèl la nan plas li, ki kreye latè a epi ki bay moun lavi.