TSK

TSK · Genesis 12:5

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lizyè tè moun Kanaran yo pati depi lavil Sidon, li mete tèt sou Gera jouk li rive Gaza. Apre sa, li vire sou Sodòm ak Gomò, Adma ak Seboyim jouk li rive Lecha.

Terak pran pitit li, Abram, pitit pitit li, Lòt, ki te pitit Aran, ansanm ak bèlfi li Sarayi ki te madanm Abram, pitit li. Li pati ak yo, li kite lavil Our nan peyi Kalde pou li ale nan peyi Kanaran. Men lè yo rive lavil Karan, yo te rete la.

Lè Abram vin konnen yo te fè neve l' la prizonye, li sanble tout domestik ki te fèt lakay li yo epi ki te konn goumen. Li pran twasandizwit antou. Epi li file dèyè wa yo jouk lavil Dann.

¶ Jakòb pati, li kite Bècheba. Pitit Izrayèl yo pran Jakòb, papa yo, ansanm ak timoun yo ak madanm yo, yo fè yo moute sou cha farawon an te voye pou yo vwayaje a.

Se paske Abraram te gen konfyans nan Bondye kifè li te obeyi lè Bondye te rele l' la. Li pati pou peyi Bondye tapral ba li pou pòsyon eritaj pa li. Li leve, li kite peyi l' la, san l' pa t' konnen ki bò li taprale.