TSK

TSK · Genesis 13:1

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Li vwayaje toujou, li desann nan direksyon sid, bout pou bout jouk li rive nan rejyon Negèv la.

¶ Se la Bècheba Abraram plante yon pye tonmaren. Lèfini li fè sèvis pou Seyè a, Bondye ki la pou tout tan an.

Y'a separe rès peyi a an sèt pòsyon. Moun branch fanmi Jida yo va rete sou tè pa yo nan sid, epi moun branch fanmi Jozèf yo va rete sou pòsyon tè pa yo tou nan nò.

Lèfini, yo desann nan direksyon sid, yo rive nan Fò Tir la, yo pase nan tout bouk moun Iva yo ak bouk moun Kanaran yo, yo rive Bècheba nan zòn Negèv nan peyi Jida a.