TSK

TSK · Genesis 21:15

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Moyiz fè moun Izrayèl yo pati kite bò lanmè Wouj la. Yo mete tèt yo sou bò dezè Chou a. Yo t'ap mache depi twa jou nan dezè a san yo pa jwenn gout dlo pou yo bwè.

Se konsa Joram, wa peyi Izrayèl la, ansanm ak wa peyi Jida a ak wa peyi Edon an pati. Yo pase sèt jou ap mache. Lè sa a dlo yo fini, pa t' gen yon ti gout dlo ni pou sòlda yo ni pou bèt chay ki te avè yo.

Bòs fòjon an pran yon moso fè, li mete l' nan dife, li travay li ak mato. Li ba l' fòm li vle ak fòs ponyèt li. Li pa manje, li vin fèb. Li pa bwè dlo, li pa kapab ankò.