TSK

TSK · Genesis 25:26

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Ezaou di: -Sa fè dezyèm fwa li pran sak pou mwen. Eske se paske li rele Jakòb la kifè l'ap pase devan m' konsa? Premye fwa a, li te pran dwa m' kòm premye pitit. Men koulye a, li pran benediksyon ki te pou mwen an! Apre sa, li di: -Men papa, èske ou pa gen yon lòt benediksyon pou mwen?

¶ Moyiz rete Kadès, li voye kèk mesaje bò wa peyi Edon an pou di l' konsa: -Men sa moun pèp Izrayèl yo, moun menm fanmi ak ou yo, voye di ou: Ou konnen tout tray nou pase.

Apre sa, mwen bay Izarak de pitit: Jakòb ak Ezaou. Mwen bay Ezaou tout mòn Seyi a pou li. Men Jakòb desann nan peyi Lejip ansanm ak tout pitit li yo.

Li mare batay ak yon zanj Bondye, epi li genyen. Lè sa a, Jakòb kriye, li mande pou zanj lan beni l'. Li kontre ak Bondye Betèl, Bondye pale avè l'.