TSK

TSK · Genesis 26:25

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Noe bati yon lotèl. Li pran yonn nan chak kalite bèt ak zwazo ki bon pou moun manje, li touye yo, li boule yo nèt sou lotèl la.

Apre sa, li pati ankò, li ale nan mòn ki toupre lavil Betèl, sou bò solèy leve. Li moute tant li la. Betèl te sou bò lanmè, Ayi te sou bò solèy leve. Abram bati yon lotèl pou Seyè a la tou, epi li fè sèvis pou li.

Se konsa, Abram ranmase tout zafè l', li vin rete bò pye bwadchenn Manmre yo, toupre Ebwon. Se la li bati yon lotèl pou Seyè a.

Menm jou sa a, domestik Izarak yo vin ba l' nouvèl pi yo t'ap fouye a. Yo di l': -Nou jwenn dlo.

¶ Bondye di Jakòb: -Leve non, moute al Betèl, epi rete la. Bati yon lotèl la pou Bondye ki te parèt devan ou lan, lè ou t'ap kouri pou Ezaou, frè ou la.

M'ap ofri bèt pou yo touye bay Seyè a, m'ap rele l' pou m' di l' mèsi.