¶ Domestik la pran dis chamo nan chamo mèt li yo. Li pran yon kantite bèl bagay ki koute chè, li chaje chamo yo. Li leve, li pati, li ale lavil kote Nakò rete a nan peyi Mezopotami.
TSK
TSK · Genesis 29:1
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Abraram te papa Izarak. Izarak te gen karantan lè li marye ak Rebeka ki te pitit fi Betwèl, moun lavil Aram, ki te rete nan peyi Mezopotami an. Rebeka te sè Laban, moun lavil Aram.
¶ Bondye di Jakòb: -Leve non, moute al Betèl, epi rete la. Bati yon lotèl la pou Bondye ki te parèt devan ou lan, lè ou t'ap kouri pou Ezaou, frè ou la.
Lèfini, li pran chante chante sa a: -Balak fè m' kite peyi m', peyi Aram. Wa Moab la fè m' desann soti nan mòn bò solèy leve yo. Li di m': Vini non! Vin bay moun Jakòb yo madichon. Vini non! Vin kraponnen moun Izrayèl yo.
¶ Lè sa a, tout moun Madyan yo, tout moun Amalèk yo ak tout moun k'ap viv nan dezè a bò solèy leve yo mete tèt ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden an, yo moute kan yo nan plenn Jizreyèl la.
Zebak ak Salmouna te lavil Kakò avèk tout lame yo. Nan tout kantite sòlda moun dezè yo, te gen sanvenmil sòlda ki te mouri. Te rete sèlman kenzmil gason.
M'ap prese obeyi kòmandman ou yo lè ou louvri lespri mwen.
Ale non, monchè, manje manje ou ak kè kontan, bwè diven ou san kè sote. Bondye deja dakò ak tou sa w'ap fè.