Poutèt sa ki te rive Sara, madanm Abraram lan, Seyè a te fè tout fanm lakay Abimelèk pa t' kapab fè pitit. Abraram lapriyè pou Abimelèk, epi Bondye geri li. Bondye geri madanm li tout ansanm ak medam k'ap travay lakay li pou yo kapab fè pitit ankò.
TSK
TSK · Genesis 30:2
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Lè Seyè a wè jan Jakòb pa t' renmen Leya, li fè l' fè pitit. Men, Rachèl pa t' kapab fè pitit.
Jozèf di yo: -Nou pa bezwen pè. Mwen pa kapab pran plas Bondye.
L'a renmen nou, l'a beni nou, l'a fè nou peple. L'a ban nou anpil pitit. L'a voye benediksyon sou jaden nou, n'a gen anpil manje, anpil diven ak anpil lwil. Bèf nou yo va bay anpil pòte, mouton nou yo va fè anpil pitit. L'a fè tou sa pou nou nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an.
Sa ki te konn manje vant deboutonnen yo al vann jounen pou yo ka jwenn manje pou yo manje. Sa ki t'ap mouri grangou yo pa grangou ankò. Fanm ki pa t' ka fè pitit la fè pitit sèt fwa. Sa ki te gen anpil pitit la rete san anyen.
Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l' kontan lakay li, li ba l' pitit. Lwanj pou Seyè a!
Men, mwen menm, men sa m'ap di nou: Nenpòt moun ki ankòlè sou frè l', se pou yo jije li. Moun ki joure frè l' enbesil, se pou yo jije l' devan Gran Konsèy la. Si yon moun di frè l' moun fou, li bon pou yo jete l' nan dife lanfè a.
Li pran pale byen fò, li di konsa: Nan tout fanm ki sou latè, ou menm ou se yon fanm Bondye beni anpil. Pitit ki nan vant ou a tou Bondye beni li.