Fè papa m' konnen jan moun respekte m' isit nan peyi Lejip. Rakonte l' tou sa nou wè. Prese mennen papa m' desann isit la.
TSK
TSK · Genesis 31:1
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Mwen pa janm mete konfyans mwen nan lò pou m' ta di se sa k'ap pwoteje m'.
Sove m' anba moun alekile yo avèk fòs ponyèt ou. Tout byen yo se byen latè. Ou pran nan richès ou yo, ou ba yo tou sa yo bezwen. Pitit yo pa manke anyen. Yo kite rès pou pitit pitit yo.
Mwen kouche nan mitan yon bann lyon ki prèt pou devore mwen. Dan yo pwenti tankou flèch, tankou frenn, lang yo tankou yon ponya byen file.
Ipokrit, kisa ou merite Bondye fè ou? Kisa pou l' fè ou an plis?
Lè yon moun ankòlè, li kraze brize. Men, ki moun ki ka kenbe tèt ak yon moun k'ap fè jalouzi?
Peyi kote mò yo ye a ap tann yo konsa. L'ap louvri pòtay li yo byen gran pou l' resevwa yo. Se la tout grannèg yo pral desann ansanm ak pèp la k'ap fè bri ak kè kontan.
¶ Seyè a di ankò: Koulye a moun ki renmen fè pwovèb yo pral bay yonn sou do lavil Jerizalèm. Yo pral di: Joumou pa donnen kalbas. Pitit fi a ap soti tankou manman l'.
se yon moun ki gen lògèy, ki pa konn anyen. Se tankou yon maladi li genyen pou l'ap diskite tout tan, pou l'ap fè kont pou nenpòt ti mo. Se sa ki lakòz moun ap fè jalouzi, y'ap fè kont, y'ap pale moun mal, yo sispèk moun pou anyen.
¶ Jan sa ekri nan Liv la: Moun, se tankou zèb yo ye. Tout bèl ou wè yo bèl la, se tankou flè zèb la yo ye. Zèb la chèch, flè a tonbe.