Se poutèt sa, gason an va kite papa l' ak manman l' pou l' mete tèt li ansanm ak madanm li, pou tout de fè yon sèl.
TSK
TSK · Genesis 31:26
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Bondye di l' konsa. Kisa ou fè konsa? San Abèl, frè ou, ki koule atè a, ap rele tankou yon vwa moun. Li rive jouk nan zòrèy mwen. L'ap mande revanj.
Lèfini, Abimelèk rele Abraram, li di l'. Kisa ou fè nou konsa? Kisa m' fè ou pou ou ta lakòz yon gwo malè konsa tonbe sou mwen ak sou peyi a? Sa ou fè nou la a, se bagay moun pa gen dwa fè.
Nan denmen maten, Jakòb vin wè se Leya yo te ba li. Li di Laban: -Kisa ou fè m' konsa? Eske se pa pou Rachèl mwen te sèvi avèk ou? Poukisa ou ban m' koutba sa a?
¶ Lè sa a, Jakòb move sou Laban. Li pete yon kabouyay ak li, li di l': -Ki krim mwen fè? Kisa m' fè ki mal pou w'ap pousib mwen konsa?
Jozye di Akan konsa: -Pitit mwen, fè lwanj Seyè a! Moutre ou gen respe pou Bondye pèp Izrayèl la! Koulye a, di m' kisa ou fè. Pa kache m' anyen.
David reponn li: -Kisa m' fè, mezanmi! Yon senp ti keksyon m'ap mande moun yo la a wi!
Pilat reponn li: Eske se jwif mwen ye, mwen menm? Se pwòp moun peyi ou ansanm ak chèf prèt yo ki mennen ou ban mwen? Kisa ou fè?