Men non pitit gason Elifaz yo: Se te Teman, Oma, Zefo, Gayetan ak Kenaz.
TSK
TSK · Genesis 36:15
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Ata chèf peyi Edon yo te pè anpil. Vanyan gason peyi Moab yo pran tranble. Tout moun nan peyi Kanaran pèdi kouraj.
Lè Jobab mouri, se Oucham, moun peyi Teman, ki te gouvènen nan plas li.
¶ Twa nan zanmi Jòb yo vin konnen tout malè ki te tonbe sou li. Yo kite peyi yo, yo vin wè Job. Se te Elifaz, moun Teman, Bildad, moun Chwak, epi Sofa, moun Naama. Yo fè lide vin ansanm pou plenn sò li epi pou ba li kouraj.
Yo gen pitit ak pitit pitit. Yo wè yo ap grandi devan je yo.
¶ Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di sou peyi Edon: -Pa gen moun ki gen bon konprann ankò lavil Teman an? Moun lespri yo pa konn sa pou yo di. Yo pèdi tout konprann yo!
Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la ap di: Mwen pral lonje men m' sou Edon pou m' pini l', mwen pral touye dènye moun ak dènye bèt nan peyi a. M'ap fè l' tounen yon dezè, pran depi lavil Teman rive jouk lavil Dedan. Yo pral touye tout moun nan lagè.
Sòlda lavil Teman yo pral tranble nan kanson yo. Yo pral masakre tout gason peyi Edon ki konn goumen.