Yo bat orit yo sou mòn Seyi, jouk bò kote pye bwadchenn Paran an, ki toupre dezè a.
TSK
TSK · Genesis 36:8
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Jakòb voye kèk komisyonè devan al jwenn Ezaou, frè li a, nan peyi Seyi, kote Edon te rete a.
¶ Men pitit pitit Ezaou yo. Se Ezaou sa a yo te rele Edon.
Magdiyèl, Iram. Se non chèf Edon yo sa ansanm ak non kote yo te rete nan peyi a. Se Ezaou ki papa yo tout nan peyi Edon.
Apre sa, mwen bay Izarak de pitit: Jakòb ak Ezaou. Mwen bay Ezaou tout mòn Seyi a pou li. Men Jakòb desann nan peyi Lejip ansanm ak tout pitit li yo.
Senksan lòt moun nan branch fanmi Simeyon an pati pou mòn Seyi, nan peyi Edon. Yo te gen pou chèf kat pitit gason Icheyi yo: Pelatya, Nearya, Refaja ak Ouzyèl.
Moun peyi Amon yo ak moun peyi Moab yo atake lame moun mòn Seyi yo, yo detwi yo nèt. Lèfini, yo vire yonn sou lòt nan yon chen manje chen, yonn touye lòt.
¶ Mesaj pwofèt Abdyas sou peyi Edon. Men mesaj Seyè a te ban mwen: Nou te tande mesaj Seyè a te bay la. Li te voye mesaj li a nan tout nasyon yo pou di yo: Annavan! Leve non! Ann mache pran Edon! Ann al goumen avè l'!
Men, mwen rayi Ezaou ak tout pitit pitit li yo. Mwen ravaje tout mòn peyi Ezaou a. Mwen fè peyi yo a tounen savann kote bèt nan bwa rete.