TSK

TSK · Genesis 37:36

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Abraram te pran yon lòt fanm yo te rele Ketoura.

¶ Moun Izmayèl yo te mennen Jozèf nan peyi Lejip. Rive la, Potifa, yon moun peyi Lejip ki te chèf nan gouvènman farawon an ak kòmandan gad palè yo, achte l' nan men yo.

¶ Sou setyèm jou senkyèm mwa nan diznevyèm lanne reny Nèbikadneza, wa Babilòn lan, Neboucharadan, chèf lagad la, yonn nan konseye li yo, antre lavil Jerizalèm.

¶ Yon moun lòt nasyon ki va kole kò l' ak pèp Seyè a pa fèt pou di: Seyè a p'ap kite m' fè sèvis pou li ansanm ak pèp li a. Yon moun ki chatre pa dwe janm di: Se yon vye pyebwa chèch mwen ye, mwen pa ka fè pati pèp Bondye a.