TSK

TSK · Genesis 37:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Se Jozèf ki t'ap gouvènen sou tout peyi Lejip la. Se nan men l' moun te konn soti toupatou vin achte manje. Frè Jozèf yo rive, yo bese tèt yo byen ba jouk atè pou di l' bonjou.

¶ Lè Jozèf antre lakay li, yo pote kado yo ba li, yo bese tèt yo jouk atè devan li.

Lè Jida ak frè l' yo rive lakay Jozèf, Jozèf te la toujou. Yo bese tèt yo jouk atè devan li.

Apre sa, frè l' yo vini yo menm menm, yo bese tèt yo jouk atè devan li, yo di l' konsa: -Men nou pote tèt nou pou nou sèvi ou domestik.

Se li ki tèt legliz la, legliz la se kò li. Se li menm ki bay kò a lavi. Se li menm an premye ki te leve soti vivan nan lanmò pou l' te ka gen premye plas nan tout bagay.