Li di frè l' yo. -Yo renmèt mwen lajan m' lan wi. Men li nan sak mwen an. Kè yo kase. Yo t'ap tranble kou fèy bwa tèlman yo te pè. Yonn t'ap di lòt: -Kisa Bondye fè nou konsa?
TSK
TSK · Genesis 43:23
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
M'ap mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l' fè nonm lan aji byen ak nou, pou l' ka renmèt nou ni lòt frè nou an, ni Benjamen. Pou mwen menm, si se pou m' pèdi pitit mwen yo, mwen mèt pèdi yo.
Lè sa a granmoun lan di: -Pòt kay mwen louvri pou nou! Se mwen menm k'ap ba ou tou sa ou bezwen. Sèlman pa rete pase nwit lan la sou plas la.
Lè sa a, lespri Bondye desann sou Amasayi, chèf trant vanyan yo, li di byen fò: -Nou la avè ou, David! Nou kanpe avè ou, pitit Izayi! Kè poze pou ou ak pou moun k'ap ede ou yo! Paske Bondye te pote ou sekou! Lè sa a, David resevwa yo, li mete yo chèf nan lame li a.
¶ Men repons wa a voye ba yo: -Nou voye gwo bonjou pou Reyoum, gouvènè a, Chimchayi, sekretè pwovens la, ak tout lòt kòlèg yo k'ap viv nan peyi Samari ak nan rès pwovens lòt bò larivyè Lefrat.
¶ Pandan yo t'ap pale konsa, Jezi li menm vin kanpe nan mitan yo, li di yo: benediksyon Bondye sou nou tout.
¶ Menm jou dimanch sa a, nan aswè, disip yo te reyini nan yon kay. Yo te fèmen pòt yo akle paske yo te pè jwif yo. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di yo: benediksyon Bondye sou nou tout!
¶ Yon senmenn apre sa, disip Jezi yo te reyini ankò anndan kay la. Fwa sa a Toma te la avèk yo. Tout pòt yo te fèmen akle. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di: benediksyon Bondye sou nou tout.