TSK

TSK · Genesis 45:24

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Yonn t'ap di lòt: -Nou wè. Nou peye sa nou te fè frè nou an pase. Se vre wi. Nou te fè mal lè nou te fè frè nou an pase tout sa nou te fè l' la. Nou te wè ki jan sa te fè l' lapenn anpil, lè li t'ap mande nou fè l' gras. Men, nou pa t' vle koute l'. Se poutèt sa nou nan tout traka sa a.

Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.

enben, men sa m'ap mande nou: Fè kè m' kontan nèt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, se pou nou yonn renmen lòt menm jan an, pou nou tout gen yon sèl lide nan tèt nou ak yon sèl santiman nan kè nou.

Se pou nou gen anpil konsiderasyon pou yo, se pou nou renmen yo poutèt travay y'ap fè a. Se pou nou viv byen ak kè poze yonn ak lòt.