TSK

TSK · Genesis 48:22

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Li achte moso tè kote li te moute tant li a pou san pyès lajan nan men pitit Amò yo. Se Amò sa a ki te papa Sichèm.

Wè pa wè, se pou l' respekte dwa premye pitit gason l' lan, dwa pitit gason fanm li renmen mwens lan. L'a ba li de fwa lavalè sa li gen pou l' bay chak lòt pitit li yo, paske se li menm ki premye pitit gason li te fè lè li te jenn gason. Se li ki gen tout dwa yon premye pitit gason genyen.

Pèp Izrayèl la te pran zosman Jozèf yo avèk yo lè yo t'ap soti kite peyi Lejip. Yo antere zosman yo sou moso tè Jakòb te achte nan men pitit Amò yo pou san pyès ajan. Se Amò sa a ki te papa Sichèm. Moso tè a rete pou pitit pitit Jozèf yo.

Kanaran te zansèt moun Jebis yo, moun Amori yo, moun Gigach yo,

¶ Seyè sèl Mèt la di m' ankò: -Men fwontyè peyi nou pral separe pou nou bay douz branch fanmi pèp Izrayèl yo pòsyon pa yo chak. N'a bay branch fanmi Jozèf la de pòsyon.

John 4:5 TSK

Li rive nan yon bouk Samari yo rele Sika, toupre moso tè Jakòb te bay Jozèf, pitit gason l' lan.