TSK

TSK · Hebrews 10:20

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Yo fè rido a ak bon twal koulè ble, violèt epi wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l'.

¶ Se lè sa a l'a touye kabrit pou wete peche pèp la. L'a pran san an, l'a pote l' anndan kote ki apa nèt pou Seyè a, l'a voye l' sou kouvèti a ak devan kouvèti a, menm jan li te fè pou san ti towo bèf la.

Menm lè a, rido ki te nan tanp lan chire an de moso, depi anwo jouk anba. Tè a tranble. Wòch yo fann.

Rido ki te nan tanp lan chire fè de moso.

John 10:7 TSK

Jezi di yo ankò: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mwen se pòt pak mouton yo.

John 14:6 TSK

Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.

Tout moun fèt pou rekonèt jan sekrè relijyon nou an se yo gwo zafè. Li te parèt tankou yon moun. Lespri a fè nou wè jan li mache dwat devan Bondye. Epi tout zanj yo te wè l' tou. Se li menm y'ap mache fè konnen nan tout nasyon. Se nan li moun toupatou mete konfyans yo. Apre sa, yo resevwa l' nan syèl la.

Dèyè dezyèm rido a, te gen yon lòt ti tant pi piti. Se te kote yo te mete apa nèt pou Bondye menm lan.

¶ Paske, Kris la menm mouri yon sèl fwa pou peche nou yo, li p'ap janm mouri ankò. Li menm ki t'ap mache dwat devan Bondye, li mouri pou moun ki pa t'ap mache dwat yo, pou l' te ka mennen nou bay Bondye. Li te mouri nan kò l', men ak pouvwa Lespri Bondye a, li leve vivan ankò.

¶ Gen anpil moun koulye a toupatou sou latè k'ap chache twonpe moun: yo pa vle rekonèt Jezikri te vin sou latè tankou yon moun tout bon. Moun nou wè k'ap fè sa, se moun k'ap twonpe moun, se moun k'ap goumen ak Kris la.