Abraram voye je l', li wè yon belye mouton ki te gen kòn li yo makònen nan yon lyann. li ale, li pran mouton an, li touye l', li boule li nèt sou lotèl la pou Bondye nan plas pitit li a.
TSK
TSK · Hebrews 11:19
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Genesis 22:13
TSK
Romans 4:17
TSK
¶ jan sa ekri nan Liv la: Mwen fè ou tounen zansèt moun anpil nasyon. Wi, Abraram se papa nou tout devan Bondye, li te mete konfyans li nan Bondye ki fè moun mouri yo leve vivan ankò, nan Bondye ki kreye tout bagay ki pa t' la.
Ephesians 3:20
TSK
Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fè pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou.
Hebrews 11:11
TSK
Se paske Abraram te gen konfyans nan Bondye kifè Bondye te ka fè l' fè pitit, atout li te fin depase laj pou sa, atout Sara pou tèt pa l' tou pa t' kapab fè pitit ankò. Li te sèten Bondye t'ap kenbe pwomès li.