Li vwayaje toujou jouk li kite Negèv la dèyè. Bout pou bout li rive bò Betèl, kote li te moute tant li anvan an, ant lavil Betèl ak lavil Ayi.
TSK
TSK · Hebrews 11:9
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Ou wè tè kote ou rete tankou moun vini koulye a? Mwen gen pou m' ba ou l' ansanm ak tout pitit pitit ou yo. tout peyi Kanaran an ap rele ou pa ou pou tout tan. Wi, se mwen menm k'ap Bondye yo tout.
Abraram kouri lakay li, li ale jwenn Sara. Li di l' konsa. Fè vit. Pran trant liv farin bon kalite, mouye l', fè pen.
Apre sa, Abraram rete kèk lanne ankò nan peyi Filisti a.
Timoun yo grandi. Ezaou te vin yon bon chasè, li te toujou nan bwa. Men Jakòb te yon nonm byen dousman, li te renmen rete lakay.
Se pou l' beni ou, ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo, menm jan li te beni Abraram, pou ou ka pran posesyon peyi kote w'ap viv koulye a, peyi li te deja bay Abraram lan.
¶ Se konsa, Laban jwenn Jakòb ki te moute tant li sou mòn lan. Laban te moute tant li tout sou mòn Galarad pou li menm ansanm ak moun pa l' yo.
Jakòb di Jozèf: -Bondye ki gen tout pouvwa a te parèt devan mwen yon kote yo rele Louz, nan peyi Kanaran. Li beni m'.
Men, Bondye te vle fè moun ki pou te resevwa sa l' te pwomèt la wè aklè li pa t'ap janm chanje pawòl. Se sak fè, li ajoute sèman an dèyè pwomès la.