Job 7:17
TSK
¶ Kisa lèzòm ye pou ou pran ka yo konsa? Kisa yo ye menm pou w'ap okipe yo konsa?
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Kisa lèzòm ye pou ou pran ka yo konsa? Kisa yo ye menm pou w'ap okipe yo konsa?
Ale wè pou moun, yon vètè, yon ti krebete! Kisa yo vo nan je Bondye?
Seyè, kisa moun ye pou w'ap fè tèt ou travay pou yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo?
Tout nasyon yo mete ansanm, yo pa anyen devan Seyè a. Li pa pran yo pou anyen. Yo pa vo anyen nan je l'.
Ann chante pou Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. Paske, li vin sove pèp li a, li delivre yo anba esklavaj.
Tout moun yo te pè, yo t'ap fè lwanj Bondye, yo t'ap di: Yon gwo pwofèt parèt nan mitan nou! Yo t'ap di tou: Bondye vin sove pèp li a.
Li di yon lòt kote ankò: Ou prèt pou tout tan menm jan ak Mèlkisedèk.