TSK

TSK · Hebrews 9:2

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

y'a mete yon kote apa pou mwen pou m' ka vin rete nan mitan yo.

Mete rido a anba kwòk ki nan twati tant lan. W'a mete Bwat Kontra a dèyè rido a. Rido a va separe kote ki apa apa nèt pou Bondye sèlman an ak rès tant Bondye a.

¶ Men sa ou gen pou fè pou mete Arawon ak pitit gason l' yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m' prèt. Pran yon jenn ti towo bèf ak de belye mouton ki san defo.

¶ Yo pran ouvriye ki te pi abil nan travay la pou fè tant lan. Yo fè l' ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, twal lenn koulè ble, violèt, wouj, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l'.

¶ Se konsa yo te fin fè tout travay pou Tant Randevou a, kote pou Bondye rete a. Moun pèp Izrayèl yo te fè tout bagay dapre lòd Seyè a te di Moyiz la. Wi, se konsa yo te fè l'.

-Sou premye jou premye mwa a, w'a moute Tant Randevou a kote pou Bondye rete a.

Moyiz fè kanpe tant lan. Li mete sipò yo nan pozisyon yo, li poze ankadreman yo, li moute trenng yo nan plas yo, li drese poto yo.

W'a pran vennkat liv farin frans, w'a fè douz pen. Chak pen va fèt ak de liv farin.