TSK

TSK · Hosea 4:7

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.

Ezra 9:7 TSK

Depi nan tan zansèt nou yo jouk jounen jòdi a, nou pa manke fè sa ki mal. Se poutèt tou sa nou te fè ki mal kifè ou te lage nou ansanm ak wa nou yo ak prèt nou yo nan men wa lòt peyi yo. Yo touye nou nan lagè, yo depòte nou, yo piye tout ajan nou, yo fè nou wont jan nou ye jouk koulye a.

N'a manje sa ki pou nou nan bèt nou ofri yo, men n'a rete grangou toujou. N'ap fè sèvis pou zidòl yo pretann di k'ap bay pitit, men n'a rete san fè pitit. Tou sa, paske nou vire do bay Seyè a pou nou kouri dèyè lòt bondye.

Hosea 6:9 TSK

Prèt yo menm, se tankou yon bann ansasen k'ap veye moun sou granchemen. Sou tout wout ki mennen lavil Sichèm, se touye y'ap touye moun. Yo konnen byen pwòp tou sa y'ap fè a mal. Atousa yo fè l'.

Men, lè yo rive nan peyi ki gen bon tè a, yo manje plen vant yo, lògèy vire tèt yo, se konsa yo bliye m'.

Moun p'ap fè lwanj pou yo. Okontrè, yo pral trennen yo nan labou. Se yo menm ki pral bwè pou yo sou jouk y'a mete yo toutouni devan tout moun tou. Seyè a nan kòlè li pral fè yo bwè gode chatiman li pare pou yo a. Yo t'ap chache lwanj? Se wont y'a wont pito.

Moun sa yo ap rive fin detwi tèt yo. Se vant yo ki bondye yo. Yo pran plezi yo nan bagay ki pou ta fè yo wont pito. Se bagay lemonn ase ki nan tèt yo.