2 Kings 13:3
TSK
Se konsa li fè Seyè a fache sou moun peyi Izrayèl yo. Se sa ki fè Seyè a te lage yo nan men Azayèl, wa peyi Siri a, ak nan men Bennadad, pitit li, anpil fwa.
TSK
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Se konsa li fè Seyè a fache sou moun peyi Izrayèl yo. Se sa ki fè Seyè a te lage yo nan men Azayèl, wa peyi Siri a, ak nan men Bennadad, pitit li, anpil fwa.
Poul, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a. Menayèm bay Poul twamil kilo ajan pou Poul te ka ede l' chita pouvwa li nan peyi a.
Peyi nou an fini. Dife fin boule tout lavil nou yo ratè. Moun lòt nasyon yo piye tout jaden nou yo, l'a devan je nou. Yo fini ak tout bagay nan peyi a nèt. Yon sèl lafliksyon tonbe sou nou, tankou lè lènmi pase nan peyi a.
¶ Moun k'ap mache dwat yo ap fin mouri nan peyi a, sa pa fè pesonn anyen. Moun k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo ap fin disparèt, pesonn pa wè sa. Mechanste fè moun k'ap mache dwat yo disparèt.