TSK

TSK · Isaiah 1:19

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Tè a va bay rekòt li, n'a manje kont nou, epi n'a viv nan peyi a ak kè poze.

Lè sa a, nou p'ap anko fin bat ble, n'ap gen tan nan keyi rezen. Nou p'ap ankò fin keyi rezen, n'ap gen tan nan plante grenn. N'a gen kont manje pou nou manje, epi n'a rete nan peyi nou an san nou pa bezwen pè anyen.

Se pou nou di: Ala bèl bagay pou moun ki mache dwat yo! Zafè yo mache byen tou. Y'a jwi pwofi travay yo.

Poukisa n'ap depanse lajan achte manje ki pa ka fè anyen pou nou? Poukisa n'ap depanse lajan travay nou pou bagay ki pa ka plen vant nou? Si nou koute byen sa m'ap di nou la a, n'a manje sa ki bon. N'a pran plezi nou nan manje bon kalite manje.

lè sa a, n'a jwenn plezi nou nan fè sèvis pou mwen. M'a fè tout moun sou latè pote nou anlè, n'a jwi lavi nan peyi mwen te bay Jakòb, zansèt nou an. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa!

Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Se pou nou chanje jan n'ap viv la! Manyè sispann fè sa n'ap fè a pou m' ka kite nou viv isit la.

¶ Mwen tande moun Izrayèl yo ap plenn. Y'ap di konsa: -Seyè, nou te tankou yon ti towo mawon. Men, ou donte nou, ou moutre nou jan pou nou obeyi ou. Fè nou tounen vin jwenn ou, paske ou se Seyè a, Bondye nou an.

Joel 2:26 TSK

Nou pral manje plen vant nou. N'a fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, ki te fè tout bèl bagay sa yo pou nou. Yo p'ap janm pase pèp mwen an nan betiz ankò.

Lè li fin bon nèt, li tounen yon delivrans pou tout moun ki obeyi l', yon delivrans k'ap delivre yo pou tout tan,