¶ Lè sa a, wa Siris pa t' ankò gen ennan depi li t'ap gouvènen peyi Pès la, lè Seyè a mete lide nan tèt wa a pou li bay yon lòd, fè kouche l' sou papye voye toupatou nan peyi a pou yo te ka li l' pou tout moun tande. Sa te pase konsa pou pawòl Seyè a te mete nan bouch pwofèt Jeremi an te ka rive vre. Men lòd la:
TSK
TSK · Isaiah 13:3
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Men lèt Atagzèsès, gran wa a, te ekri bay Esdras, nonm save ki fò nan lalwa Bondye ki nan syèl la! -Koulye a,
Se pou pèp Bondye a fè kè yo kontan, paske yo genyen batay la.
Mwen menm ki te bay lanmè a lòd pou li cheche, m'ap cheche tout rivyè nou yo.
¶ Seyè a di ankò: -Mache pran peyi moun Mira-Tayim yo! Atake moun peyi Pekòd yo! Touye yo tout, fini ak yo nèt! Se pou nou fè tou sa mwen menm mwen ban nou lòd fè a!
Nou menm, tout nasyon ki sou lizyè fwontyè peyi a, prese non! Kouri vini! Sanble nan fon an! Seyè, voye vanyan sòlda ou yo al atake yo!
Apre sa, mwen tande yon lòt vwa ki t'ap soti nan sièl la, li t'ap di: Nou menm pèp mwen, wete kò nou nan mitan lavil sa a, pou nou pa patisipe nan peche l' yo, pou nou pa tonbe ansanm avè l' anba kalamite ki pral frape li yo.