TSK

TSK · Isaiah 17:6

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Men, li di yo: -Sa m' fè a pa ka parèt devan sa nou menm nou fè a! Ti sa nou menm moun Efrayim yo, nou fè a pi plis pase sa nou menm ti fanmi Abyezè a, nou fè!

Si Seyè ki gen tout pouvwa a pa t' kite kèk moun nan nou chape, lavil la t'ap disparèt nèt tankou sa ki te rive lavil Sodòm ak lavil Gomò a.

¶ Se konsa sa pral ye nan tout peyi sou latè. Se va tankou apre rekòt lè y'ap gole dènye oliv ki rete nan pye oliv yo, lè y'ap fè grapyay apre rekòt rezen an.

Men sa Seyè a di: Se pou tout tè a tounen dezè. Men, mwen p'ap fin detwi l' nèt.

W'a di yo: Men sa Seyè sèl Mèt la voye di nou: Mwen pral pran bout bwa ki kanpe pou Jozèf osinon Efrayim ansanm ak branch fanmi Izrayèl k'ap mache ak li yo, m'ap mete l' ansanm ak bout bwa Jida a. M'ap fè yo fè yon sèl bout bwa. Epi, m'ap kenbe yo nan men mwen.

Lè vòlò antre lakay moun lannwit pou piye, yo annik pran sa yo bezwen. Lè moun ap ranmase rekòt rezen, yo toujou kite dèyè pou moun k'ap vin grapiye yo. Men, gade jan lènmi ravaje nou nèt ale non!

Kanta pou moun pèp Izrayèl yo, Ezayi, bò pa l' menm, di konsa: Menm si moun pèp Izrayèl yo ta anpil tankou grenn sab bò lanmè, se yon ti ponyen sèlman nan yo k'ap sove.

Se konsa tout pèp Izrayèl la va delivre, dapre sa ki ekri nan Liv la: Moun k'ap wete lèzòm anba esklavaj la, se nan Siyon l'ap soti. L'ap wete tout mechanste pitit pitit Jakòb yo, voye jete byen lwen.