Nan aswè, y'ap bay moun kè sote. Anvan solèy leve, w'ap chache yo, ou p'ap jwenn yo. Men sa k'ap tann tout moun k'ap piye nou yo, moun k'ap pwofite sou nou yo.
TSK
TSK · Isaiah 21:12
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
Wi, men sa Seyè a voye fè nou konnen, nou menm ti ponyen ki rete nan peyi Jida a. Piga nou desann nan peyi Lejip. Mwen tou pale nou jòdi a.
Men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di ankò: -Malè sou malè pral tonbe sou nou.
Wi, lè a rive, jou a ap pwoche. Moun k'ap achte yo pa bezwen fè kè yo kontan. Moun k'ap vann yo pa bezwen règrèt anyen paske chatiman Bondye pral tonbe sou tout richès ki nan peyi a.
¶ Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la ap di moun peyi Izrayèl yo: M'ap jije chak moun dapre sa yo fè. Tounen vin jwenn mwen, sispann fè sa ki mal, pa kite peche nou yo lakòz nou mouri.
¶ Lè pèp la tande pawòl sa yo, yo santi kè yo boulvèse. Yo mande Pyè ansanm ak lòt apòt yo: Frè nou yo, kisa pou nou fè?
Men, Bondye fèmen je l' sou tout tan sa yo moun pase nan liyorans. Koulye a li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li.