TSK

TSK · Isaiah 24:10

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Se poutèt sa yo rele lavil la Babèl, paske se la Seyè a te mele lang tout moun ki rete sou latè, li fè yo pati, li gaye yo toupatou sou latè.

Li met dife nan kay Bondye a ak nan palè wa a. Li boule dènye kay ki te lavil Jerizalèm, ata kay grannèg yo.

Lavil la ap fini, ata pòtay yo fin kraze.

¶ Li fè moun ki te gen gwo lide nan kè yo bese tèt yo byen ba. L'a kraze gwo lavil yo te bati pou pwoteje yo a, li demoli l' nèt ratè.

Kay wa a ap rete san pesonn ladan l'. Tout moun pral kouri kite kapital la. Bit mòn Ofèl la ak fò ki t'ap pwoteje l' la pral tounen savann pou tout tan. Se la bourik mawon pral pran plezi yo, se la kabrit ak mouton pral chache manje.

Pikan pral pouse nan tout palè l' yo, kwòkachen ak chadwon pral pouse nan tout fò yo. Se la chen mawon pral rete. Se la otrich pral fè nich yo.

Lè wa Sedesyas ak tout sòlda li yo wè sa, yo tann lannwit rive, yo mete deyò. Yo pase nan jaden wa a, yo soti nan pòtay kote de miray yo kontre a, yo kite lavil la. Yo pran chemen ki mennen nan Fon Jouden an.

Yo fè yon twou nan miray yo. Atout lame moun Babilòn yo te sènen lavil la nèt, tout sòlda jwif yo met deyò, yo kite lavil la nan mitan lannwit, yo pase nan mitan jaden wa a, yo desann nan wout pòtay la nan mitan de miray yo, yo pran chemen Fon Jouden an pou yo.

Bondye ap pran devan, l'ap louvri yon chemen pou yo. Yo menm, y'a kraze pòtay yo, y'a pase lib soti deyò. Wa yo a va mache devan yo. Wi, se Seyè a ki va mache alatèt yo.

¶ Se poutèt sa, men sa ki genyen: mwen pral voye pwofèt, moun ki gen bon konprann ak dirèktè lalwa ban nou. Nou pral touye kèk, gen ladan yo n'ap kloure sou kwa, gen ladan yo n'ap bat ak fwèt nan sinagòg nou yo, n'ap pousib yo soti yon lavil al nan yon lòt.

Y'ap touye yo ak nepe, y'ap mete men sou yo, y'ap depòte yo nan tout lòt peyi. Pou lavil Jerizalèm lan menm, moun lòt nasyon yo gen pou yo foule l' anba pye yo, jouk tan dèle yo ba yo a va bout.

Te gen yon non ekri sou fwon li ki te gen yon sans kache: Gwo Babilòn, manman jennès yo ansanm ak tout bagay sal k'ap fèt sou latè.