TSK

TSK · Isaiah 26:5

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage
Job 40:11 TSK

Gade moun k'ap gonfle lestonmak yo nan je. Move sou yo! Kraze kouraj yo!

Seyè a di ankò: -Mwen pral fè dezolasyon tonbe sou tout latè poutèt mechanste moun yo ap fè. Mwen pral pini tout mechan yo poutèt fòfè y'ap fè yo. Mwen pral kraze lògèy tout moun k'ap gonfle lestonmak yo. Mwen pral kraze awogans tout mechan k'ap peze moun anba pye yo.

Pa gen moun nan lavil la. Yo kite kay yo ap tonbe. Tout pòt kay fèmen, moun pa antre la ankò.

L'ap kraze gwo ranpa byen wo yo te bati sou miray yo, l'ap jete yo plat atè, l'ap fè yo tounen pousyè.

¶ Ou menm, lavil Babilòn, desann sou fotèy ou a! Al chita atè nan pousyè! Yon lè, ou te tankou yon jenn tifi. Wi, kapital moun peyi Kalde yo pral chita atè plat, yo p'ap janm konsidere ou ankò tankou yon bèl tifi ki renmen plezi, ki pa nan leve ni lou ni lejè.

Babilòn, ou tankou yon gwo mòn kote moun k'ap ravaje tout latè a soti. Koulye a, mwen pral regle avè ou. Mwen pral mete men sou ou. M'ap fè ou degrengole desann soti nan tèt wòch yo. M'ap fè mòn lan tounen yon gwo boukan dife.

Apre sa, w'a di: Se konsa lavil Babilòn lan pral koule, li p'ap janm ka leve ankò apre malè mwen menm Seyè a, mwen pral voye sou li a. Se isit la pawòl pwofèt Jeremi yo fini.

Li t'ap pale byen fò, li t'ap di konsa: Li tonbe! Gwo lavil Babilòn lan tonbe! Koulye a, se la denmon rete. Se la tout kalite move lespri al kache kò yo. Se la tout kalite vie zwazo ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye, zwazo moun fèt pou rayi, rete.