TSK

TSK · Isaiah 3:9

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Moun Sodòm yo te move moun anpil. Yo t'ap fè anpil peche kont Seyè a.

Yo rele Lòt, yo di l' konsa. Kote mesye ki vin pase nwit lakay ou aswè a? Fè yo soti vin jwenn nou pou nou kouche ak yo?

¶ Apre sa, Samyèl di konsa: -Mennen Agag, wa moun Amalèk yo, ban mwen. Agag vin jwenn li. Li t'ap tranble tèlman li te pè. Li t'ap di nan kè l': Ala bagay di, mezanmi, se lanmò!

Mechan an tèlman gen lògèy, l'ap plede di: -Bondye p'ap pini m'. Pa gen Bondye. Se sa ase mechan an mete nan tèt li.

Men moun ki vire do ban mwen ap fè tèt yo mal. Moun ki rayi m', se moun k'ap mache ak sèkèy yo anba bra yo.

¶ Seyè a di: Gade jan medam lavil Jerizalèm yo ye non! Y'ap mache tankou yo pa kanmarad pesonn. Yo kage tèt yo dèyè, y'ap fè mesye yo je dou. Y'ap mache banda pou braslè nan pye yo ka sonnen.

Se poutèt sa pa t' gen lapli. Lapli prentan yo pa vini. Men, je nou chèch tankou jennès, nou pa janm wont.

-Nou p'ap koute pawòl w'ap di nou la a, atout ou pale nan non Seyè a.

Wè li wè pòtre mesye yo, li anvi yo. Li voye mesaje bò kote yo nan peyi Babilòn.

Hosea 5:5 TSK

Sa pèp Izrayèl la ap fè nan awogans li, se sa k'ap lakòz yo kondannen l'. Avèk peche moun Izrayèl ak moun Efrayim yo ap plede fè yo, y'ap bite, y'ap tonbe. Menm moun peyi Jida yo ap bite ansanm ak yo tou.

Peche peye nou kach: li ban nou lanmò; men kadò Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Seyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini.