TSK

TSK · Isaiah 31:6

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Ata lòt chèf peyi Jida yo, prèt yo ansanm ak tout pèp la te lage kò yo nan sèvi yon bann vye zidòl, tankou tout lòt nasyon yo te konn fè. Yo derespekte Tanp Seyè a te mete apa pou li menm lavil Jerizalèm.

Madichon pou moun k'ap kache Seyè a sa yo gen lide fè! Y'ap fè plan yo an kachèt. Y'ap di pa gen moun ki wè yo. Pa gen moun k'ap konnen sa y'ap fè.

Se pou mechan yo kite move chemen y'ap swiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k'ap travay nan tèt yo. Se pou yo tounen vin jwenn Seyè a ki va gen pitye pou yo. Se pou yo tounen vin jwenn Bondye nou an, paske l'ap padonnen tou sa yo fè.

¶ Ale nan nò, w'a di moun peyi Izrayèl yo pou mwen: Nou menm moun peyi Izrayèl ki te vire do ban mwen, tounen vin jwenn mwen. Mwen gen kè sansib, mwen p'ap fache sou nou. Mwen p'ap fache sou nou pou tout tan. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.

Tounen vin jwenn mwen non, nou tout ki te vire do bay Bondye. M'a geri nou, m'a fè nou kenbe pawòl nou yo. Nou di: Men nou! Nou tounen vin jwenn ou. Wi, se ou menm Seyè a ki Bondye nou!

¶ Mwen tande moun Izrayèl yo ap plenn. Y'ap di konsa: -Seyè, nou te tankou yon ti towo mawon. Men, ou donte nou, ou moutre nou jan pou nou obeyi ou. Fè nou tounen vin jwenn ou, paske ou se Seyè a, Bondye nou an.

¶ Tounen vin jwenn Bondye nou non, nou menm pitit Izrayèl yo! Se peche nou yo ki te fè nou tonbe.

Men koulye a, mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, men sa m' voye di nou: Tounen vin jwenn mwen, m'a tounen vin jwenn nou tou. Se vre wi sa m'ap di nou la a.

Mwen kòmanse bay moun nan lavil Damas ak nan Jerizalèm mesaj la. Apre sa, m' ale nan tout peyi Jide ak nan mitan moun lòt nasyon yo. Mwen t'ap mande yo pou yo chanje lavi yo, pou yo tounen vin jwenn Bondye, pou yo fè bagay ki pou fè wè yo chanje tout bon.