TSK

TSK · Isaiah 36:14

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Ki moun ou konprann ou derespekte, ou joure konsa? Sou ki moun ou pale fò konsa? Ki moun w'ap klere je ou gade konsa? Se sou Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.

Se konnen nou pa konnen sa zansèt mwen yo ansanm avè m' nou te fè pèp lòt nasyon yo? Eske bondye nasyon sa yo te rive delivre yo anba men mwen?

Bon, koulye a, tande n'a tande twonpèt yo ak lòt enstriman mizik yo ap jwe, se pou nou mete ajenou pou n' adore estati mwen fè fè a. Si nou pa fè sa, y'ap jete nou nan gwo fou tou limen an. Pa gen bondye ki pou delivre nou anba men m'.

L'ap pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, l'ap malmennen moun k'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. L'ap fè lide chanje tout fèt ak tout prensip lalwa Bondye a. Pandan twazan sis mwa, l'ap kenbe pèp Bondye a anba men l'.

Bèt la te resevwa pouvwa pou l' te di tout kalite pawòl awogan pou joure Bondye. Yo ba l' pouvwa fè sa l' vle pandan karannde mwa.