TSK

TSK · Isaiah 37:31

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Rès moun peyi Jida ki va chape yo va pran pye. Y'a kanpe ankò.

Si Seyè ki gen tout pouvwa a pa t' kite kèk moun nan nou chape, lavil la t'ap disparèt nèt tankou sa ki te rive lavil Sodòm ak lavil Gomò a.

¶ Yon jou gen pou vini. Lè sa a, ti rès moun pèp Izrayèl la, sa ki te chape anba lanmò nan fanmi Jakòb la, p'ap konte ankò sou pèp ki te twaka fini ak yo a. Y'a mete konfyans yo tout bon nan Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.

Menm si moun pèp Izrayèl yo te anpil tankou grenn sab bò lanmè, se yon ti ponyen ase k'ap tounen. Wè pa wè, y'ap detwi pèp la. Se sa menm li merite.

Nan tout fanmi Jakòb la, m'ap fè moun branch fanmi Jida yo pran mòn mwen yo pou yo. Se la moun mwen chwazi yo ak moun k'ap sèvi m' yo va rete.

Gen yon ti ponyen moun ase ki va chape nan lagè a. Y'a kite peyi Lejip, y'a tounen nan peyi jida. Lè sa a, ti rès ki va rete nan moun pèp Jida ki te desann al viv nan peyi Lejip la va wè kilès ki te gen rezon, nou menm osinon mwen menm.

Konsa tou, koulye a, gen yon ti rès Bondye te chwazi nan pèp la, se yon favè li te fè yo.