Lè Achitofèl wè yo pa t' soti pou swiv konsèy li te bay la, li sele bourik li, li tounen lakay li nan peyi l'. Lè li fin regle tout zafè l', li pann tèt li. Se konsa li mouri. Apre sa, yo antere l' nan kavo papa l'.
TSK
TSK · Isaiah 38:1
Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.
¶ Yon lè rive, Ezekyas tonbe malad, li te prèt pou mouri. Li lapriyè Seyè a. Seyè a reponn li, li fè l' wè yon mirak.
¶ Men vizyon sou peyi Jida ak lavil Jerizalèm Bondye te fè Ezayi, pitit Amòz la, wè sou rèy wa Ozyas, wa Jotam, wa Akaz ak wa Ezekyas nan peyi Jida a.
¶ Lè sa a, Ezayi, pitit Amòz la, voye mesaj sa a bay Ezekyas. -Ou te lapriyè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou Senakerib, wa peyi Lasiri a. Men repons li voye ba ou.
Lè sa a, pwofèt Ezayi al jwenn wa Ezekyas, li mande l': -Kote mesye sa yo soti? Kisa yo di ou? Ezekyas reponn: -Yo soti nan yon peyi byen lwen, yo soti nan peyi Babilòn.
Jonas antre nan lavil la. Li fè yon jounen ap mache. Epi li pran pale ak moun yo. Li di yo konsa: -Nan karant jou lavil Niniv pral disparèt.
¶ Te gen yon nonm yo te rele Laza ki tonbe malad. Li te rete Betani, yon ti bouk kote Mari t'ap viv ansanm ak Mat, sè l' la.
Li te malad anpil, se vre. Li manke mouri. Men, Bondye te gen pitye pou li. Pa pou li sèlman, men pou mwen menm tou, pou sa pa t' ban mwen plis lapenn ankò.