TSK

TSK · Isaiah 42:15

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Mòn yo pran tranble jouk nan rasin yo. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te ankòlè!

Lè Lanmè Wouj la wè l', li pran kouri san gad dèyè. Larivyè Jouden sispann koule desann.

Seyè a pral voye yon van cho ki pral cheche tout dlo gwo larivyè Lejip la. Li pral cheche dlo larivyè Lefrat la. L'ap fè l' tounen sèt ti kannal dlo, konsa tout moun ka janbe l' ak tout sapat nan pye yo.

M'a louvri yon bèl chemen nan mòn yo. M'a pare wout sou tout mòn yo pou pèp la.

Mwen gade mòn yo, yo t'ap tranble! Mwen gade ti bit yo, yo t'ap balanse adwat agoch!

Nahum 1:4 TSK

Li pase lanmè a lòd: lanmè a cheche. Li cheche dlo larivyè yo. Tout pyebwa nan plenn Bazan ak sou mòn Kamèl ap deperi. Tout flè sou mòn Liban yo ap fennen.

Paske men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Anvan lontan, mwen pral souke syèl la ak latè a, lanmè a ak tè yo.

Apre sa, mwen wè ti Mouton an kase sizièm sele a. Lè sa a, yon gwo tranblemanntè fèt, sòlèy la vin tou nwa, tankou yon gwo moso twal nwa byen pwès. Lalin lan menm te vin tou wouj tankou san.

Menm lè a, yon gwo tranblemanntè fèt. Yon kay sou chak dis kay nan lavil la tonbe kraze. Sètmil moun mouri nan tranblemanntè sa a. Lòt moun yo menm te pè anpil, yo t'ap fè lwanj Bondye ki nan sièl la.

Lè sa a zèklè pran fè yan, loraj t'ap gwonde nan sièl la, ansanm ak yon bann lòt bri ankò. Tè a menm pran tranble byen fò. Se pa t' yon ti tranblemanntè. Depi gen moun sou latè, yo pa t' janm wè tè a tranble konsa.