TSK

TSK · Isaiah 43:9

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

¶ Men, si nou pa vle sèvi Seyè a, depi koulye a chwazi sa nou vle sèvi a: oswa bondye zansèt nou yo t'ap sèvi nan peyi lòt bò larivyè Lefrat la, osinon bondye moun Amori yo t'ap sèvi nan peyi kote n'ap viv koulye a. Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Seyè a n'ap sèvi.

Lè lè pou yo fè ofrann apremidi a rive, pwofèt Eli pwoche bò lotèl la, li di: -Seyè, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb, fè yo wè jòdi a se ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la. Fè yo rekonèt se sèvitè ou mwen ye. Se ou menm ki ban m' lòd fè tout bagay sa yo.

¶ Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble.

¶ Seyè a, wa pèp Izrayèl la, di: -Nou menm, bondye lòt nasyon yo, vin plede kòz nou! Vin di sa nou gen pou n' di pou defans nou!

Ede m' chonje sa ki te pase. Ann konparèt ansanm nan tribinal la. Ou pral pale pou defann tèt ou, pou fè wè se ou ki gen rezon.

Kilès ki tankou m'? Se pou l' kanpe di sa! Se pou l' fè nou konn sa, se pou l' ban m' prèv la! Se pou l' di tou sa ki pase depi nan konmansman! Se pou l' fè konnen davans sa ki gen pou rive.

¶ Seyè a di ankò: -Sanble non! Sanble, moun lòt nasyon yo: Pwoche non! Pwoche devan tribinal la non, nou menm ki rive chape yo! Bann moun k'ap plede fè posesyon ak zidòl an bwa yo, k'ap lapriyè bondye ki pa ka delivre yo, yo pa konn anyen!

Se poutèt sa mwen te fè nou konnen davans sa ki tapral rive nou. Wi, mwen te avèti nou anvan yo te rive, pou nou pa t' di se zidòl nou yo ki te fè sa pou nou, se estati an fè nou yo ak pòtre zidòl nou yo ki te fè sa pase konsa.

Joel 3:11 TSK

Nou menm, tout nasyon ki sou lizyè fwontyè peyi a, prese non! Kouri vini! Sanble nan fon an! Seyè, voye vanyan sòlda ou yo al atake yo!