TSK

TSK · Isaiah 44:12

Treasury of Scripture Knowledge references in HCV.

Back to passage

Arawon pran zanno yo, li fonn yo, li koule lò a nan yon moul, li fè estati yon ti towo bèf. Pèp la di: -Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la.

Bòs atizan an pran yon moul pou fè yon estati. Efèv la kouvri estati a nèt ak lò. Li fonn ajan pou soude l' nan plas li.

Gen moun ki pran lò nan pòch yo, yo peze ajan nan balans, yo peye yon òfèv pou fè yon bondye pou yo. Lèfini, yo mete ajenou devan l', yo adore l'.

Travay pèp yo ap fè a pral boule nan dife. Se pou gremesi nasyon yo ap fatige kò yo travay di. Se Seyè a menm k'ap fè sa rive konsa.